AYITI/ELEKTRISITE: VLE PA VLE CHÈF LETA AYISYEN AN JOVENEL MOÏSE DESIDE VANSE AK DOSYE KOURAN 24/24 LA

Yon delegasyon ki gen nan tèt li minis afè etranje nan peyi Tiki Mevlüt ÇAVUSOGLU fè yon chita pale avèk prezidan repiblik la Jovenel MOÏSE pou finalize dosye kontra kouran 24/24 la jounen Lendi 17 Dawout 2020 an.

N ap raple dosye kouran 24/24 la se youn nan pi gwo defi chèf leta ayisyen an dwe leve pou finisman manda li, de (2) bato ap sòti nan peyi Tiki pou jere yon pati nan kouran sa annatandan santral elektrik nan peyi a fin repare.

Otè: Jemsley JOSEPH

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …