AYITI/POLITIK: »KOMIN LAZIL NAN YON SITIYASYON KRITIK » DAPRÈ DEKLARASYON MAJISTRA KOMIN NAN  

Nan yon entèvyouw nan telefòn ajan egzekitif an aprè komin lazil la Ambroise Epheta, fè konnen komin l ap dirije a ap fè fas ak anpil gwo pwoblèm tankou : enfrastrikti wout ak kouran elektrik.

Majistra esplike prezidan repiblik la Jovenel Moïse, nan kanpay li nan komin lazil te pwomèt ak popilasyon an yon pon sou rivyè mawo jiskaprezan ki pa janm fèt, sa ki toujou bay anpil pwoblèm ak abitan ,machann ki pral nan mache.

« pi gwo tèt chaje a se lè timoun yo pral lekòl fòk yo etire veso pye yo  » deklarasyon majistra a ki pwofite mande ak chèf leta epi priyel an gras si li ta pèmèt lazil benefisye pon sa.

Pou zafè kouran an majistra Ambroise Epheta, ki di komin li an gen yon motè dyaspora komin sa te achte, men ki ap bay pwoblèm piston sa ki vin Koz chak mwa motè a pran 12 galon lwil .

 » Mwen mande ak prezidan jovenel Moïse, nan kad eslogan ou byen pwogram kouran 24 sou 24 la pèmèt komin lazil benefisye yon motè pou kapab bay kouran nan vil  » toujou daprè ajan egzekitif enterimè Ambroise Epheta .

Lazil se yon komin ki gen 4 seksyon kominal, li sitiye nan awondisman ansavo, li gen yon gwosè kise 153,82 km kare.

Dieuva Occidor

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …