AYITI/AMAKA :ASOSIYASYON MOUN ANDIKAPE YO DENONSE ZAK ENSEKIRITE AK KIDNAPIN LAN NAN PEYI AN.

Kòdonatè asosiyasyon moun andikape nan komin ano yo ki gen sig (AMAKA) Sony Thimate , denonse zak ensekirite ak fenomèn kidnapin lan k ap taye banda nan peyi dayiti depi plizyè mwa, li denonse konpòtman move lawon chèf leta Jovenel Moïse, ki refize rekonèt echèk li nan bon gouvènay li te pwomèt pèp ayisyen an .

Yon lòt bò, Sony Thimate kritike sekreteri deta andikape peyi dayiti ki gen nan tèt li Sekretè Soinette Désir, ki pa janm fè anyen pou kategori moun sa yo alòske li se yon andikape tout  » a nou mande ak leta pou ede moun andikape yo nan komin ano ki pa bon menm, nou pa gen kay pou n rete, pwoblèm akdenesans ak kat elektoral  » deklarasyon Kòdonatè AMAKA Sony Thimate .

Dieuva Occidor

Kredi foto :wikipedia

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …