AYITI/MANIFESTASYON: YON GWOUP MANIFESTAN ATAKE AK KOUT WÒCH EPI TANTE METE DIFE NAN YON LOKAL OAVCT NAN KAPITAL LA.

Yon gwoup manifestant kraze ak kout wòch epi tante mete dife nan lokal OAVCT a nan avni Charles SUMMER jounen lendi 29 mas 2021 nan kad manifestasyon opozisyon tap òganize nan pòtoprens.

Yon mouvman ki selon kèk anplwaye rantre nan kad estrateji pou kraze enstitisyon leta yo epi an menm tan afebli pouvwa anplas la nan yon moman kote peyi a ap fè fas ak gwo difikilte sosyo ekonomik ak politik.

Anplwaye yo kontinye pou demanti enfòmasyon ki ta lese kwè Direktè jeneral OAVCT a Fritner BERNADEL nan konplisite ak chèf kabinèl li Dieudonné LHERISSON detounen 50 milyon goud chak mwa nan enstitisyon an pandan yo fè konnen move sitiyasyon ekonomik bwat la ap travèse dènye tan sa yo se konsekans mouvman peyi lòk yo mete sou Covid19 ki diminye posiblite pou propriyeté machin yo vin renouvle polis asirans yo.

Amplwaye sa yo ki pat vle non yo site souliye malgré ti difikilte ki pafwa konn prezante pou yo touche akoz aktivite yo ki pa mache tèlman nan enstitisyon an di yo satisfè pou divès travay administrasyon Bernadel la rive reyalize malgre kantite kontribyab ki te konn frekante bwat la diminye sin kwè temwayaj kèk nan aplwaye sa yo nan kad yon vizit Eckojounal te reyalize swit ak enfòmasyon kap Sikile sou rezo sosyal ki ta fè kwè dirijan bwat la ap benyen nan koripsyon.

Se te yon okazyon tou pou amplwaye sa yo souliye divès travay Direktè jeneral bwat la Fritner BERNADEL nan tèt kole ak chèf kabinè li Dieudonné LHERISSON reyalize depi yo rive nan tèt administrasyon OAVCT a nan mwa septann 2018.

1) Nouvèl ekip sa yon fwa li te rive nan tèt enstitisyon an peye tout dèt pami yo 2 mwa aryere salè komisyon Dubic tap prezide te kite daprè
Anplwaye sa yo kontinye pou fè konnen administrasyon Bernadel la pa pèsekite okenn aplwaye,okontrè direksyon jeneral la bay tout anplwaye ajisteman salaryal epi rive fè anpil inovasyon andan bwat la tankou :
a)sèvis Mobil  »OAVCT LAKAY OU « ki jwe yon wòl enpòtan nan kad batay pou rive kwape fenomèn enskirite nan idantifye ak mete regilarize trafik moto andan peyi.

b) Mizanplas plizyè gichè chofè ki vize pwoteje kliyan yo kont Covid19 la.

c) Reparasyon plizyè biwo rejyonal tankou: Kap-Ayisyen,Pòdepè ,Petyonvil ak Jacmel san yo pa bliye kreyasyon yon sant ak yon nimero 3 chif ak yon sèvis motorize nan kad yon program ki batize  »CONSTAT TRAP – D » kap pèmèt anplwaye nan sèvis konsta yo rive sou lye aksidan yo nan mwens 15 minit epi kreyasyon yon nouvo biwo rejyonal nan komin Lewogàn.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …