AYITI/ EDIKASYON : PIBLIKASYON REZILTA SESYON REKALE (BAK PÈMANAN) MAS 2021

Ministè ledikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl anonse, jounen mèkredi 31 mas la, piblikasyon rezilta sesyon rekale ( bak pèmanan) mas 2021 an.

« Daprè enfòmasyon biwo nasyonal egzamen Leta kominike, to reyisit global pou segondè tradisyonèl la ( Filo) se 56,49%, swa 3414 elèv ki bon( pase) sou 6044 ki te patisipe », selon mesaj ki ekri sou sit ak kont rezo sosyal ministè a.

« Pou segondè renove a( S4), to reyisit la se 29, 64%, swa 1460 elèv ki pase sou 4925 ki te patisipe », se sa ki ekri.

Ministè ledikasyon nasyonal raple egzamen sila yo te dewoule 15 pou rive 18 mas 2021 ki sot pase a nan tout peyi a. Sepandan, li pwofite tou pou l fè konnen pwochen egzamen rekale yo ap fèt nan mwa jiyè 2021 k ap vini an.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …