DIMITRI VORBE KWÈ SE PASKE LEGLIZ TE MANIFESTE KONT KIDNAPIN KI LAKOZ YO KIDNAPE MANM LEGLIZ YO.*

« Depi legliz te antre nan manifeste pou mande chanje peyi a, pou mande kanpe kidnapin la, legliz t ap pran tap », daprè sa Dimitri vorbe  ekri sou kont twitter li 1 avril 2021 an.

Ansyen patwon Sogener a, Dimitri vorbe, kwè se poze yo ap fè legliz poze. » Depi w bat kò w yo ap tape w, si w kontinye aksidan ka rive w », selon menm sous lan.

Dimitri vorbe fè piblikasyon sa yo tousuit aprè nèg ak zam te fin kidnape yon pastè legliz advantis ak 3 fidèl pou piti, nan moman yo t ap fè yon sèvis adorasyon ki te an dirèk sou facebook.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …