AYITI/ZEN/ KILTI :DIREKSYON MIZIKAL GWOUP KLASS VOYE ALE LAKAY LI YOUN NAN GITARIS LI POU MANK PÈFÒMANS

Direksyon mizikal gwoup « Klass » voye mizisyen gitaris akonpanyatè Jay R , ale pou mank pèfòmans daprè animatè konpa Jean Mary Simon.

Jounalis, animatè kiltirèl la konfime enfòmasyon an nan emisyon li ke li anime.  Jean Mary Simon alyas JMS, fè konnen yo voye gitaris Jar R, akoz pèfòmans li pa janm amelyore nan kalite prestasyon li yo bò kote giatris solo gwoup « Klass » la El Pozo.

Gitaris Jay R, vini kounye a dezyèm mizisyen gwoup « Klass » voye ale pou mank pèfòmans.

Selon enfòmasyon yo, ansyen gitaris gwoup « Nu – Look » ak  » Harmonik » lan T- Papi ki disponib pou entegre gwoup la men, ki poze kèk kondisyon poul pa rete kòm sèlman gitaris akonpanyatè nan gwoup la.

Dieuva Occidor .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …