LEMOND /AFWONTMAN : POU PITI DESAN (200) MOUN MOURI NAN FRAP IZRAYÈL YO SOU GAZA .

Frap lame Izrayèl pandan tout semèn lan Sou « Bande Gaza » lakoz pou piti desan (200) moun mouri ak plizyè santèn gwo kay andomaje san konte lòt dega materyèl , daprè otorite palestinyen yo .

Aprè yon semèn frap lame Izrayèl la sou Gaza, palestinyen yo rele anmwe sekou bò kote entènasyonal pou di premye minis Izrayèl la Benyamin Netanyahou, otan ak frap li ki deja devaste  » Bande Gaza » kèk sitwayen palestinyen nan mikwo laprès denonse seri frap Izrayèl yo ki vle detwi Gaza.

 » Netanyahou dwe rann kont pou sa l ap fè a, paske nou pa militè se yon bann sivil ke nou ye depi mwen fèt poko janm viv sa peyi Izrayèl ap fè nou an  » deklarasyon Mad Abed Rabbo yon jèn gason ki gen trant nèf (39) lane k ap viv nan lwès vil Gaza.  » mwen menm mwen gen enpresyon si yo kontinye m ap mouri  » deklarasyon Mani Qazaat yon lòt abitan nan Gaza.

Fòk nou di, lame la frape byen bonè lendi 17 me a Gaza ki touye karant de(42) moun ladan yo uit (8) timoun ak de (2) medsen, daprè enfòmasyon otorite nan ministè sante Gaza kominke maten lendi disèt (17) me 2021 an .

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …