Ayiti/7 Fevriye 2026: Yon CPT ki Pati nan Ti Soulye yo, Kite yon Peyi nan Twou

Se jodia, nan yon seremoni ki gen gou « delivrans » pou kèk moun ak « echèk » pou anpil lòt, manda Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT) bout ofisyèlman nan Villa d’Accueil. Nan yon diskou ki prevwa pou 10 è nan maten, Laurent Saint-Cyr, dènye prezidan ki ap pase men, ap gen pou li rann kont sou yon bilan ke pifò obsèvatè kalifye kòm yon « fiasco total ».

​Pandan Premye Minis defakto Alix Didier Fils-Aimé ak rès gouvènman an ap gade Laurent Saint-Cyr ki ap depoze echa nan, reyalite a deyò a rèd: Gang yo toujou mèt lari a, ekonomi an ajenou, epi espwa pèp la fin deperi.

​Si nan kòmansman an, nan mwa avril 2024, CPT a te parèt tankou yon « solisyon ayisyen » pou retire peyi a nan kriz, de lane apre, reyalite a montre se te yon maryaj enterè kote chak manm te ap tire dra a sou bò pa yo.

​Pwen nwa yon echèk ki pa ka kache:

  1. Ensekirite ki ap galope: CPT a pa janm rive mete kontwòl sou teritwa a. Malgre prezans fòs miltinasyonal la, gang yo pi fò pase anvan epi kapital la rete anba syèj.
  2. Kowipsyon ak Eskandal: Dosye BNC a ak lòt soupçon kowipsyon sou plizyè konseye sal imaj enstitisyon an depi nan kòmansman, sa ki fè yo pèdi tout lejitimite moral devan popilasyon an.
  3. Lagè pou pouvwa: Olye yo te travay sou eleksyon, konseye yo te pase plis tan nan chire pit ak Premye Minis yo (Garry Conille, apre sa Didier Fils-Aimé) pou kontwole ministè ak bidjè.
  4. Eleksyon ki tounen miraj: Pwomès pou te òganize eleksyon an 2025 lan tonbe nan dlo. Jodi a, 7 fevriye 2026, pa gen okenn eli ki pou ranplase yo, sa ki lage peyi a nan yon lòt faz ensètitid total.

​CPT a ale, men pwoblèm yo rete. Se Alix Didier Fils-Aimé ki ap rete sèl kòmandan bò katedral la pou moman an, ak yon kominote entènasyonal ki ap pouse pou yon « Gouvènman Tranzisyon Inik » pou eseye rive nan eleksyon an mwa out ki ap vini la a.

​Pou anpil Ayisyen, 7 fevriye sa a se pa yon fèt, se yon rapèl ke tranzisyon yo nan peyi a tounen yon biznis pou politisyen, pandan malere ap mouri anba bal ak grangou. CPT a ap kite Villa d’Accueil la maten an, men yo kite dèyè yo yon nasyon ki pi divize epi ki gen mwens konfyans nan klas politik li pase anvan.

About Echojounal

Check Also

Ayiti/Tansyon: Lapolis vèwouye rès pouvwa a, kapital la tounen yon vil mòt

Pandan nou ap pwoche dat 7 fevriye 2026 la, ki sipoze make fen manda Konsèy …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager