Nan mitan jounen jedi 26 jen 2025 lan plizyè militan ke moun pa twò konnen fè yon pote boure sou biwo direksyon jeneral ONA a nan « Petion ville » e kreye anpil panik.
Militan sa yo te fè anpil dezòd devan biwo a, yo te anpeche machin antre e soti, yo te voye wòch, boutèy bout fè ak tout sa yo te jwenn anba je yo sou sekirite yo ak sou biwo a, militan sa yo tap mande revokasyon direktè jeneral bwat sila, Ronald Bazil ke, yo akize ki ap mal jere bwat la e ki ta vle privatize li.
Yon aksyon responsab Ona yo pa pran tan pou deplore, yo mande lapolis ak lame a pou pran responsabilite yo nan sa ki pase a. Task Force-Ona ki se yon gwoup anplwaye ki ap sipòte travay direktè jeneral la, Ronald Bazil e, selon enfo yo ki regwoupe plizyè lòt gwoup ki nan enstitisyon an bò kote pa yo kondane aksyon ki pase a e mande ak otorite defakto yo pou pran tout dispozisyon pou jan de bagay sa yo pa repete ankò.
Selon enfo nou rive jwenn nan atak sila plizyè anplwaye soti blese.