‎Ayiti/Deplwaman : Apre bato lagè, avyon militè ameriken debake nan Pòtoprens

Nan yon moman kote tansyon politik la ap monte krann nan peyi a, yon avyon militè ameriken poze sou pis ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture jounen mèkredi 4 fevriye 2026 la. Yon rive ki fèt egzakteman de jou anvan dat senbolik 7 fevriye a, dat ki makonnen ak fen manda Konsèy Prezidan Tranzisyon chak moun fè ti kout la (CPT) selon sa anpil sektè kwè.

‎​Dapre sous ayewopòtè, prezans aparèy sa a se sèlman kòmansman yon operasyon ki pi laj. Enfòmasyon ki ap sikile fè konnen plizyè elikoptè lame ameriken gen pou siveye syèl kapital la pandan tout jounen vandredi a rive samdi maten.

‎​
‎​Apre nou te fin wè plizyè batiman lagè (bato) ap siveye kòt Ayiti yo sa gen kèk tan, kounye a se nan lè a deplwayman an ap fèt. Deplasman sa yo pa janm fèt konsa konsa nan diplomasi ak nan militè. Pou anpil obsèvatè, se yon fason pou tonton Sam montre misk li nan yon moman kote lari a kòmanse ap bouyi e kote avni CPT a ap diskite nan gwo kout lang.


‎​Estrateji sa a, ki kòmanse nan dlo epi ki rive nan lè a, ap pouse anpil moun poze tèt yo kesyon sou « kat eleman » yo. Si nou gen bato ki deja la nan lanmè a, epi jodi a nou gen avyon ak elikoptè nan syèl la, sa vle di gen de (2) eleman ki rete : tè a ak sa ki ap pase anba dlo (oswa an kachèt).

‎​Sou tè a : Eske nou pral wè yon debakman fòs tèstre pi solid pou apiye misyon miltinasyonal la ki deja la a ?
‎​Nan nwa : Ki sa ki ap negosye nan koulis ant Washington ak aktè politik yo pou evite yon eksplozyon apre 7 fevriye ?

‎​
‎​Pandan popilasyon an ap poze kesyon sou ki wout peyi a ap pran, bri motè elikoptè yo gen pou sèvi kòm mizik fondal natal pou fen semèn nan. Ant sekirite diplomatik ak presyon politik, prezans militè sa a montre klèman ke Ayiti anba yon gwo loup entènasyonal.

‎​Pou kounye a, ni anbasad ameriken ni gouvènman an pa bay detay klè sou misyon egzak aparèy sa yo, men mesaj la klè : syèl la pa lib jan nou panse a.

‎​Sitiyasyon an ka chanje nenpòt ki lè. Rete branche pou plis detay sou mouvman fòs etranje yo nan peyi a.

About Echojounal

Check Also

Haïti/Transition: Vers un nouvel exécutif bicéphale avec un Président issu de la Cour de Cassation

Dans une note publique publiée ce mercredi 4 février 2026, la Commission de facilitation des …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager