AYITI DÈY: DÈY NAN SEN LEGLIZ KATOLIK.

Achevèk Pòtoprens lan Mgr GUIRE POULARD mouri ayè dimanch 9 desanm 2018 la nan lopital Saint Francois de sales.

Achevèk la ki tap soufri ak yon kansè pankreya depi yon bon bout tan selon yon pwòch li mouri ak swasann dis (70) zan. Mgr Guire Poulard te okipe pòs sila depi 12 janvye 2011, li te ranplase Mgr Joseph Miot ki te pèdi lavi li nan tranbleman tè ki te sakaje peyi Dayiti 12 janvye 2010 la. Guire Poulard ta pral remèt demisyon li nan lane 2017 akoz laj li ke pap Francois ta pral aksepte demisyon an sèt (7) oktòb 2017.

Monseyè a genyon pakou men longè nan legliz katolik 25 jwen 1972 li te vin prèt nan achidyosèz Pòtoprens, Pap Jean Paul II ta pral nome li achevèk jakmèl 25 fevriye 1988, 9 mas 2009 li ta pral tranfere nan syèj episkopal vil Okay.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …