​Ayiti/DLO SOU MACHE A SE PWAZON: Leta Ayisyen ap gade pèp la ki ap peri pandan yo ap batay pou pouvwa

 Pandan lidè politik yo nan gouvènman an ap rale chèz pou kò yo epi dechire dechire pou pòs minis ak direktè, yon gwo menas ap plane sou tèt popilasyon an: dlo moun ap bwè nan lari a se yon machin lanmò.

​Dènye etid Ministè Komès ak Endistri (MCI) ansanm ak DCQPC sot lage a se yon kout loray: 92% dlo nan sachet ki ap vann nan Pòtoprens gen mikwòb ak kras ladan yo. Men, sa ki pi chokan an, se pa move kalite dlo a sèlman, se silans ak pasivite gouvènman an ki sèlman kontante li bay chif, san li pa poze okenn aksyon konkrè pou pwoteje lavi moun.

​Sa fè plizyè jou depi otorite yo konnen dlo a pa bon, men jiska prezan, okenn faktori dlo ki pa respekte nòm yo pa fèmen. Okenn kamyon ki ap distribye pwazon sa yo pa sezi. Olye pou Ministè Sante Piblik ak Ministè Komès ta deplwaye enspektè sou teren an pou kanpe dezas sa a, yo prefere rete nan biwo yo ap gade pèp la ki ap vale bakteri ak matyè fekal chak jou.

​Pandan tan sa a, nan nivo primati ak nan palè, se batay pou « ki moun ki ap rete, ki moun ki ap pati ». Sanble enterè pèsonèl yo pase lwen anvan lasante yon nasyon ki ap deperi.

​Sa ki pi rèd la, si yon epidemi kolera oswa tifoyid ta pete ak fòs akòz dlo sa yo, kote moun yo pral kouri?

  • Lopital Leta yo toujou an grèv oswa yo pa gen materyèl. * Pa gen oksijèn, pa gen seròm, pa gen kabann.
  • Gangs yo bloke aksè nan anpil sant sante.

​Gouvènman an konnen byen pwòp ke si pèp la tonbe malad an mas, peyi a pa gen okenn estrikti pou sove lavi yo. Se kòmsi yo lage popilasyon an nan yon kous kote se « sove ki mope ».

​Lè yon gouvènman anonse ke prèske tout dlo nan yon peyi kontamine epi li pa pran okenn mezi pou bay dlo potab gratis oswa fòse konpayi yo netwaye sistèm yo, sa rele krim kont limanite. Pandan lidè yo ap bwè dlo enpòte ki koute chè nan gwo boutèy vè, ti malere a ap achte lanmò li pou 5 goud nan yon sachet plastik.

​Jodi a, kesyon an senp: Èske se sèlman pouvwa a ki enterese chèf nou yo? Konbe moun ki dwe mouri anvan yon sèl faktori dlo fèmen? Konbyen timoun ki dwe pran kolera anvan Leta sispann batay pou chèz epi kòmanse travay pou pèp la?

Sitiyasyon sa a se yon ijans nasyonal. Si anyen pa fèt nan jou ki ap vini yo, se pa sèlman chif nou ap konte, se sèkèy nou ap gen pou n al achte.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Repiblik Dominiken/Diplomas an Chòk: Anbasadè Leah Campos Fèmen Biwo DEA nan Sen Domeng pou Koripsyon

Nan yon desizyon ki siprann tout moun, Anbasadè Lèzetazini nan Repiblik Dominiken an, Leah Campos, …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager