AYITI/EDIKASYON: ANBA ANPIL DIFIKILTE PLIZYЀ ELЀV FILO PRAN WOUT EGZAMEN.

Jan sa te anonse a egzamen ofisyèl pou klas filo yo demare jounen lendi 19 oktòb 2020 an nan lakou peyi Dayiti.

Apre yon ane tèt chaje ak kriz politik la, pandemi kowonaviris la 119 287 elèv ap gen pou konpoze pou klas filo sa yo rele bak 2 a selon chif ministè edikasyon nasyonal mete deyò, sa ki pat anpeche anpil elèv pa rive jwenn fich jiska maten an ke egzamen an ap demare a, anpil elèv ak paran tap kouri moute kouri desann pou kapab jwenn fich.

Anpil direktè lekòl te te kenbe fich kèk elèv ki pat ko an règ ak direksyon yo sa ki ta pral mete gwo bouch louvri ant kèk paran, elèv ak direktè kèk lekòl kite kanpe dan pou timoun yo peye sa yo dwe pou yo kapab jwenn fich, sa ta pral koz anpil elèv pa rive nan syèj yo alè, selon enfòmasyon nou rive jwenn anpil elèv rate premye jounen egzamen yo.

 

 

KREDI FOTO: S’épanouir au quotidien

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …