Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) anonse li pran desizyon pou li pouse pi devan dat ki te prevwa pou lansman pwosesis enskripsyon elektè yo ak anrejistreman kandida yo pou pwochen eleksyon yo.
Okòmansman, operasyon sa yo te dwe kòmanse 1ye avril pou elektè yo epi 13 avril 2026 pou kandida yo. Men, nan yon kominike yo rann piblik, otorite elektoral yo fè konnen yo oblije fè bak pou yo ka mete lòd nan baz legal pwosesis la.
Dapre detay enstitisyon elektoral la bay, rezon ki lakòz reta sa a se yon bezwen pou « amonize » (mete dakò) de dokiman enpòtan:
1- Dekrè elektoral 1ye desanm 2025 la.
2- Atik 12 ak 14 nan Pak Nasyonal pou estabilite ak òganizasyon eleksyon yo.
Pwen sa yo nan Pak la mande pou gen yon konsansis sou tout chanjman ki ta dwe fèt nan « Lwa Manman » peyi a (Konstitisyon an). KEP a vle asire li ke dekrè a pa an kontradiksyon ak sa aktè politik yo te siyen nan Pak Nasyonal la, pou evite kontestasyon apre sa.
KEP a deklare li ap travay « ak tout fòs » pou li fini ak travay amonizasyon sa a rapidman. Konsèy la pwomèt li ap kominike nouvo dat yo bay popilasyon an ak klas politik la nan yon tan ki pa twò lwen.
« Se yon etap nesesè pou garanti eleksyon yo fèt nan transparans ak nan respè lalwa, »* se sa nou ka konprann nan demach Konsèy la ki vle evite nenpòt kriz legal pandan dewoulman vòt la.
Pandan nou ap tann nouvo kalandriye a, obsèvatè politik yo ap rete vijilan pou wè si reta sa a pap gen konsekans sou dat final eleksyon yo ki dwe remete peyi a sou ray demokratik.
Echojounal echojounal.net