Nan yon ti bat bouch prezidan an menm tan pòt pawòl gwoup ame « Viv Ansanm » nan, Jimmy Cherisier ke tout moun konnen sou non Babekyou sou » radio Mega » nan lannwit jedi 21 novanm 2024 la nan emisyon « Boukante lapawòl » bay kondisyon pou yo sispann touye moun e boule kay yo.
Selon sa Babekyou fè konnen depi popilasyon an kanpe e ale devan « Villa D’accueil » pou ede yo mete deyò 9 manm « konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout » yo, depi pa gen moun ki ap anpeche yo mache pran moun ki te ba yo zàm yo ak moun yo di ki bloke peyi a yo pap gen anyen ki ap rive yo.
Pilwen li fè konnen si yo kanpe jan yo kanpe an an bwa kale a pou ap anpeche yo se pa kamyon yo pral pote mò, timoun, granmoun, fanm ansent pap epanye.
Yon lòt bò li fè konnen se Louis Gerald Gilles ki touye Dickson Oreste, li anonse san militan an pap koule pou granmesi.