Ayiti/Ensekirite: Gwo malè pandye sou lopital Mibalè a.

Gwo malè pandye sou grenn e pi gwo lopital peyi a genyen an ki, nan dènye tan sa yo fè anpil pale de li nan ede anpil moun malad ki soti nan divès kwen anndan peyi a.

Nan yon videyo chèf gwoup bandi « 400 mawozo » a, « Lanmò 100 jou » mete deyò, li anonse si otorite nan lapolis yo ta gen malè lage bonm kamikaz nan mibalè, yo ap boule lopital la, mouche a fè konnen se yo ki ap jere lopital la. Mouche « Lanmò » fè menas sa apre presyon gouvènman defakto a ap pran pou rezoud pwoblèm pelig la ke, popilasyon an bloke pou otorite defakto yo kapab mete bandi yo deyò nan vil la e pran responsabilite nan kriz ensekirite a ki mete tout popilasyon an ajenou.

Lopital Mibalè a ki anba kontwòl bandi gras ak manm « Konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout yo » ak gouvènman defakto a ki pa janm pran okenn dispozisyon pou rezoud pwoblèm ensekirite a, se grenn lopital ki gen plis sal operasyon e ki pi byen ekipe anndan peyi a ke malere malerèz ka frekante e jwenn swen san twòp difikilte.

Nou ap fè ou konnen popilasyon an anpeche pelig fonksyon depi plis pase 3 mwa, se sa ki koz anpil kote nan kapital la pa gen kouran, gouvènman defakto a oblije kreye lòt mwayen pou te bay kouran nan kèk zòn, yon aksyon ki pa rive reponn.

About Echojounal

Check Also

Haïti/Intempérie: Cinq départements de la république D’Haïti en virgilance rouge

L’Unité Hydro Météorologique d’Haïti (UHM) de concert avec la Direction Générale de la Protection Civile …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager