Sitiyasyon sekirite a ap vin pi grav nan depatman Latibonite. Lendi 2 mas 2026 la, yon nouvo atak gwoup ame te lanse lakòz gwo panik nan zòn Bas Coursin II, ki se 2yèm seksyon kominal Petite Rivière de l’Artibonite. Atak sa a fòse plizyè santèn moun kouri pou sove lavi yo.
Dapre dènye chif Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM) pibliye, gen anviwon 446 moun (sa ki reprezante 102 menaj) ki deplase pou chèche sekirite nan lòt zòn. Moun sa yo te oblije kite byen yo dèyè anba presyon bal bandi ki pa sispann simen laterè nan rejyon an.
Rapò OIM lan fè konnen pifò moun ki deplase yo (96%) al refije yo nan kay fanmi oswa zanmi ki aksepte resevwa yo. Se sèlman 4% nan moun sa yo ki al enstale yo sou sit deplase ki te egziste deja. Sitiyasyon sa a mete yon chay lou sou do fanmi akèy yo ki te ap debat deja ak grangou ak lavi chè.
Depi kèk tan, kominn Petite Rivière de l’Artibonite tounen yon rejyon kote gang ap fè sa yo pito. Sa gen gwo konsekans sou:
Agrikilti: Plantè yo pa kapab al nan jaden ankò, sa ki lakòz pwodiksyon diri a ap tonbe.
Lavi moun: Kidnaping ak masak ap miltipliye san otorite yo pa ka di anyen.
Edikasyon: Anpil lekòl nan seksyon riral yo rete fèmen akoz bal ki ap tire tout lajounen.
Popilasyon an nan Bas Coursin II ap mande sekou, pandan yo ap mande fòs sekirite yo pou yo poze aksyon konkrèt pou kwape nèg ak zam yo ki ap fin rann lavi a enposib nan depatman an.
Echojounal echojounal.net