AYITI / ENSEKIRITE: YON SIKISAL « SOGEBANK » PIYE NAN MATISAN.

Plizyè endividi ak gwo zam piye nan lannwit lendi pou louvri madi venn de (22) jen 2021 an, sikisal « Sogebank » ki nan Matisan.

Bandi ak zam yo piye nan aswè lendi venteyen (21) jen 2021 an, sikisal « Sogebank » ki nan Matisan kenz (15), kote bandi yo ta pote ale kòfrefò bank lan.

Nou ap siyale, sikisal  » Sogebank » lan pa tap fonksyone depi kat (4) jen 2021 an. Li bon pou nou di, nèg ak zam yo nan Matisan, kontinye ap teworize popilasyon an sa ki te lakoz plizyè abitan te kouri al refije yo nan divès komin nan peyi a.

Dieuva Occidor

Kredi foto :sogebank

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …