‎Ayiti/Kidnapin: Yo kidnape pè Jean Robert Louis

Ensekirite a kontinye ap frape pi rèd nan peyi Dayiti, kote moun nan tout sektè ap tonbe anba men kriminèl. Denye viktim nan se pè Jean Robert Louis, yon prèt katolik, ki rive pèdi libète li nan komin Delmas jounen jedi 29 janvye 2026 la.

‎​
‎​Dapre enfòmasyon yon sous ki pwòch Legliz katolik konfime, se nan zòn Delmas 75 nèg ame rive mete men sou relijye a. Pou kounye a, fanmi li ak otorite nan Legliz la nan gwo tèt chaje, paske yo pa ko gen okenn detay sou kote ravisè yo pati ak li ni sou sa yo ap reklame.

‎​
‎​Depi nouvèl anlèvman pè Jean Robert Louis fin gaye, yon gwo van tristès anvayi kominote katolik la. Fidèl yo pa te pèdi tan pou yo òganize plizyè chèn lapriyè. Yo mande Bondye pou li voye je sou prèt la epi touche kè moun ki kenbe lk yo pou yo ka lage li san bri san kont, san yo pa fè li okenn mal.

‎​
‎​Sa fè yon bon bout tan depi kominote relijye a vin tounen yon « sib prefere » pou gwoup ame yo nan peyi a. Malgre apèl ki ap fèt chak jou pou lapè, zak kidnaping yo pa sispann miltipliye, sa ki montre jan pèsonn pa an sekirite ankò, menm moun ki ap sèvi Bondye ak popilasyon an.

‎ Sitiyasyon an rete frajil anpil nan zòn metwopolitèn nan. Nou ap swiv dosye sa a de prè pou nou konnen si gen devlopman nan liberasyon pè a.

About Echojounal

Check Also

Ayiti/Ensekirite: 299 moun mouri nan mwa janvye, kriz sekirite a depase limit

Nan yon kominike ki rann piblik jounen 11 fevriye 2026 la, Biwo Kominikasyon ORDEDH trase …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager