Ayiti/Kidnapin: Yon operasyon PNH ki kite anpil kesyon ap poze malgre liberasyon otaj la

Yon gwo operasyon Lapolis Nasyonal Ayiti (PNH) dewoule jounen lendi 23 fevriye 2026 lan nan plizyè zòn nan komin Dèlma, apre anlèvman sitwayen Aji Aun Habib nan zòn Dèlma 48. Si lapolis rive libere otaj la epi fè gwo dega nan kan kidnapè yo, gen anpil detay nan dosye sa a ki ap fè moun bat kòkòt kreyòl yo.

Dapre enfòmasyon ki disponib, operasyon an te gaye sou plizyè aks: de (2) bandi tonbe Dèlma 31, de (2) lòt Dèlma 17, epi yon senkyèm sou wout Ayewopò a. Lapolis sezi tou twa (3) pistolet, yon (1) fizi aso, senk (5) machin ak yon moto.
Sepandan, viktwa sa a gen yon gou anmè. Enfòmasyon yo fè konnen de (2) polisyen pèdi lavi yo pandan echanj kout zam sa yo. Yon sakrifis ki montre jan sitiyasyon an te rèd sou teren an. Otaj la, Aji Aun Habib, jwenn liberasyon li toupre Enstitisyon Sen Lwi de Gonzag (Dèlma 31) san okenn blese.

Malgre siksè liberasyon an, gen plizyè kesyon ki ap sikile nan lari a ak nan sal redaksyon yo ke lapolis poko reponn:
* Idantite bandi yo: Poukisa jiska prezan laprès pa ka gen aksè ak non moun ki mouri yo? Sa ki pi twoublan, sèke anpil temwen rapòte bandi sa yo te gen inifòm PNH sou yo. Eske se te fo polisye oubyen se grenn zòrèy ki te anndan kò a?
* Machin Leta: Gen enfòmasyon ki fè kwè kidnapè yo te ap itilize machin Leta (plak Ofisyèl oswa SE). Eske machin sa yo te vòlè? Si wi, depi kilè? Eske te gen deklarasyon pèt ki te fèt pou machin sa yo anvan operasyon an?

Popilasyon an ap mande si se pa « moun anndan » ki ap travay ak kriminèl yo, sitou lè nou wè kalite materyèl yo te gen nan men yo. Silans Direksyon Jeneral PNH la sou idantite kriminèl yo ak orijin machin yo kòmanse kreye dout nan lespri anpil moun.

Nan yon moman kote peyi a ap chèche sekirite, transparans se sèl fason pou remete konfyans ant lapolis ak popilasyon an. Fanmi de polisyen ki tonbe yo, ak sosyete a an jeneral, merite konnen kiyès ki te dèyè mask sa yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Haïti/Accord: Michelet Baptiste salue une « Victoire pour le Peuple Haïtien »

Samedi 21 février 2026. Dans un climat empreint d’espoir, le coordonnateur général de l’organisation RES …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager