Ayiti/Koripsyon: FNE poze kondisyon nan sibvansyon ke li ap bay nan kèk lekòl nan peyi a.

FNE ki se « Fond National pour l’éducation » nan lagaj franse, gen kondisyon li poze nan sibvansyon ke li ap bay ak kèk lekòl nan peyi a, selon sa Esaïe Beauchard fè konnen.

Selon mouche a responsab FNE yo ta fè dil ak kèk lekòl pou yo kapab ba yo sibvansyon, dirijan yo ta mande 50% nan lajan yo ap bay lekòl sa yo, sa vle di li ap ba yo yon chèk e yo ap gen pou separe li mwatye mwatye lè yo fin chanje li.

Kòdonatè ROSPO a ale pi lwen pou fè konnen FNE sot debloke plizyè milyon goud nan kad evalyasyon ke dirijan li yo tap fè nan plizyè depatman anndan peyi a, li fè konnen lajan sa se gagòt nèt.

Pou sa, li anonse plizyè mouvman pwotestasyon nan jou yo pou kapab mande gouvènman defakto a, manm konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout yo pou mete yon lòt moun nan tèt FNE.

About Echojounal

Check Also

Haïti/Intempérie: Cinq départements de la république D’Haïti en virgilance rouge

L’Unité Hydro Météorologique d’Haïti (UHM) de concert avec la Direction Générale de la Protection Civile …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager