Ayiti/koripsyon: Moun andikape yo mete pye yo atè pou defann dwa yo.

Plizyè moun andikape ki konn resevwa sipò nan CAS yo tanmen yon « sit in » devan primati ak « Villa d’Accueil » jounen madi 2 septanm 2025 lan.

Yo tanmen mouvman sa pou fè premye minis defakto a, Didier Fils-Aimé, ak manm konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout yo tande vwa yo akoz yo gen plizyè mwa depi yo pa resevwa yon goud nan CAS, yo mande revokasyon diretris enstitisyon sila, Erzile Rémy ki, selon andikape yo pap regle anyen serye nan tèt enstitisyon an.

Selon andikape yo menm konnen yo pa konnen kote biwo CAS la ye, yo fè konnen yo gen madanm, yo gen mari, yo gen pitit e gen anpil nan yo bandi fè kite kay yo, yo mande prese prese pou premye minis defakto a antre nan dosye a pou yo kapab jwenn chèk yo, si sa pa fèt yo menase fè lòt mouvman pou yo kapab tande vwa yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Arestasyon: Yon ansyen direktè jeneral ministè kilt yo anba kòd pou trafik zàm.

Lapolis mete anba kòd jounen jedi 28 out 2025 lan nan zòn « Saint-Medard » ki chita …