« Réseau haïtien des journalistes anti-corruption » ki gen pou sig « RHAJAC » rele anmwey pou premye minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé e pran yon gwo desizyon kont mouche ki ap fè anpil gagòt ak lajan leta a.
Nan yon lèt tou louvri ki pote dat 7 jiyè 2025, RHAJAC ekri kou siperyè dèkont ki gen pou sig nan lang franse CSCCA ki gen nan tèt li Rogavil Boisguéné, yo mande pou genyon ankèt prese prese ki ouvri sou yon gwo dèt senk (5) milyon dola vèt konpayi » Sunrise Airways » ta gen pou leta ayisyen nan kesyon taks sou biyè ke yo ap vann yo ak gwo favè ke yo ap jwi. »Réseau haïtien des journalistes anti-corruption » denonse malgre gwo dèt sa, premyen mins defakto a ki bay « Suntise Airways » yon kontra 11 milyon dola vèt san okenn kondisyon pou ta remèt lajan an si ta vin genyon pwoblèm ni li pa mande yo desann pri biyè li yo ki tèt nèg, sa ki pouse dirijan RHAJAC yo ap poze tèt yo anpil kesyon sou kontra sa.
Yon lòt bò RHAJAC denonse premye minis defakto a ki kanpe operasyon « drone » yo kont mesye « Viv Ansanm » yo ki, selon yo sa moutre a klè lyen zanmitay ki genyen ant mouche Alix Didier Fils-Aimé ak mesye bandi yo pou kenbe peyi a konsa yon fason pou kapab fè lajan ak zanmi li yo nan bay yo gwo kontra.
Pou sa, dirijan RHAJAC yo mande kou siperyè dèkont pou aji rapid pou kapab bloke gagòt premye minis defakto a Alix Didier Fils-Aimé ak kèk nan akolit li yo ap fè ak lajan leta a pandan pèp la nan lari ap kouri pou bandi ki ap mache mete dife lakay yo, nan biznis yo, touye pou site sa yo.
Echojounal echojounal.net