Nan yon nòt klè ki ap sikile, Kou de Kasasyon an, ki se pi gwo enstans jidisyè nan peyi a, voye yon mesaj fèm bay sosyete ayisyen an ak tout klas politik la. Pandan li pwofite remèsye pèp la pou respè ak konfyans yo mete nan enstitisyon an ak nan youn nan reprezantan li yo, Kou a pran distans li ak tout demach ki ta vle mele l nan kriz politik la.
Youn nan pwen ki pi enpòtan nan deklarasyon sa a konsène manèv legal kèk sektè ap eseye fè pou jwenn yon solisyon nan kriz la. Kou de Kasasyon an raple tout moun, ak anpil presizyon, ke Atik 149 Konstitisyon 1987 la pa aplikab ankò jan sa te konn fèt anvan an.
Atik sa a te konn prevwa pou yo itilize Kou de Kasasyon an nan ka kote prezidans lan vid, men depi Konstitisyon an te fin amande, mekanis sa a chanje. Konsa, Kou a deklare:
« Nenpòt entèpretasyon oswa inisyativ ki baze sou dispozisyon sa a pa kapab angaje responsablite Kou a. »
Pou fini ak tout rime, pi gwo chèf nan sistèm jidisyè a te vle fè yon rapèl sou nati misyon yo. Jij yo deklare byen fò ke kesyon politik pa antre nan travay yo.
Daprè sa ki ekri nan nòt la, jij sa yo fè konnen yo pase anpil tan ap etidye ak travay di sou plan akademik ak pwofesyonèl pou yo rive nan nivo sa a. Yo pa gen entansyon kite tèt yo moute nan okenn jwèt politik. Angajman yo rete tennfas: sèvi lajistis nan respè total misyon Konstitisyon an konfye yo a.
Mesaj sa a rive nan yon moman kote anpil je fikse sou Kou de Kasasyon an pou konnen ki wòl li ta ka jwe nan tranzisyon ki ap fèt nan peyi a. Avèk pozisyon sa a, Kou a trase yon liy klè ant sa ki lalwa ak sa ki politik.
Echojounal echojounal.net