Ayiti/Krim/Ensekirite: Apre bandi yo fin masakre plizyè ti granmoun, gen yon pil lòt ki ta nan depo pou touye.

Apre gwoup bandi ki gen nan tèt yo « Wa Mikanò » fin masakre yon pakèt ti granmoun nan lannwit 6 desanm 2024 la pou rive lendi 9 desanm nan nan yon zòn ki rele « Village de la paix » ki chita kò li sou wout waff Jeremi ki nan komin Site solèy, yo ta kidnape plizyè lòt met nan depo.

Selon plizyè apèl moun nan zòn sila yo ki ap mande sipò lapolis, bandi yo ta kidnape yon pil lòt ti granmoun ke yo ta mete yo nan depo pou touye nan mwa janvye 2025, pou repete pawòl moun yo ki pa konn ki sen pou yo rele, moun yo mande ak prezidan an menm tan pòt pawòl « Viv Ansanm » nan, Jimmy Cherisier ke tout moun konnen sou non Babekyou pou fè yon entèvansyon pou yo prese prese.

Malgre rèl popilasyon an, ni gouvènman defakto a ki gen nan tèt li Alix Didier Fils-Aimé, ni manm « Konsèy Prezidansyèl Chak Moun fè ti kout » yo ni lapolis poko janm fè okenn entèvansyon pou sove ti rès moun ki poko mouri yo ke, soti yon nòt pou kondane sa ki pase a.

Nou ap fè ou konnen papa militan politik, Mackenson Cangé mouri nan masak sa e manman li rive sove de jistès.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Edikasyon/krim: Plizyè paran elèv mè Lali denonse lekòl sila ki deside met pye sou kou yo.

Plizyè paran elèv « Institution Sainte Rose de Lima » ke tout moun konnen sou non « mè …