Pandan nou ap kòmanse ane 2026 la, sitiyasyon frè ak sè nou yo ki ap viv nan peyi Repiblik Dominikèn ap vin pi mal chak jou. Kolektif Defansè Plis rale yon gwo kout siflèt pou denonse jan otorite dominiken yo ap maltrete ayisyen, nan yon seri operasyon depòtasyon ki pa respekte ni diyite moun, ni konvansyon entènasyonal.
Dapre done Kolektif la rasanble ak sa Direksyon Jeneral Migrasyon (DGM) nan Sendomeng pibliye, depi janvye 2026, machin depòtasyon an ap woule san fren.
* Janvye 2026: Anviwon 32 000 moun te mete deyò.
* Fevriye 2026: Plis pase 30 500 lòt te rive nan fwontyè a.
* Mas (1ye pou rive 18): Nan mwens pase de semèn, gen deja plis pase 17 200 moun ki depòte.
Sa ki pi grav la, Kolektif la remake otorite dominiken yo ap voye ayisyen yo tounen nan pwen fwontyè tankou Malpas ak Anse-à-Pitres, alòske zòn sa yo (tankou Gantye ak Kwa-dè-Bouke) anba kontwòl gang ame. Se tankou yo te lage moun sa yo nan bouch lyon.
Nan pwen fwontyè Wanament ak Beladè, sitiyasyon an dechiran. Gen moun malad, fanm ansent, ak anpil timoun ki pa akonpanye ki ap debarake nan kondisyon ki pa imen. Kolektif Defansè Plis denonse jan otorite dominiken yo ap chire Pwotokòl ane 1999 la, ki te entèdi separasyon fanmi ak depòtasyon lannwit.
Kolektif la pa sèlman kritike Sendomeng, li voye yon gwo mesaj tou bay gouvènman ayisyen an. Li twouve sa pa nòmal pou otorite nan Pòtoprens yo rete bèbè pandan yo ap maltrete sitwayen yo konsa. Defansè Plis mande gouvènman an pou li soti nan silans li epi chita pale ak vwazen an pou pwoteje diyite moun nou yo.
Sa Kolektif la mande:
* Kominote Entènasyonal la (ONU, OEA): Pou yo mete presyon sou Repiblik Dominikèn pou sispann depòtasyon masif sa yo.
* Gouvènman Dominiken an: Pou li respekte akò 1999 la epi sispann separe manman ak pitit.
* Patnè Entènasyonal yo: Pou yo bay plis èd ak lajan pou estrikti ki ap resevwa moun yo an Ayiti, paske yo debòde nèt.
Jouk jounen jòdi a, sitiyasyon an rete yon kriz imanitè grav ki ap pase devan je tout moun, pandan Ayiti ap travèse yon peryòd kote li pi fèb depi li egziste kòm pèp.
Echojounal echojounal.net