Ayiti/Kriz Politik: RHAJAC mande Alix Didier Fils-Aimé rache pye li nan tèt Primati a.

Rezo Ayisyen Jounalis Kont Koripsyon (RHAJAC) bat bravo pou tèt li nan yon kominike li rann piblik jodi a, kote li mande Premye Minis de fakto a, Alix Didier Fils-Aimé, bay demisyon li san pèdi tan. Selon òganizasyon an, depa chèf gouvènman an se sèl mwayen pou sove diyite nasyon an ak souverènte peyi a ki an danje.

Akizasyon sou kontra sispèk ak kòripsyon
Nan nòt sa a ki pote siyati Sekretè Jeneral la, Djovany Michel, RHAJAC lonje dwèt sou plizyè dosye « kontra nwa » ak sibvansyon kachkach ki ap fèt anba tab. Jounalis yo di yo te deja denonse plizyè milya goud ki ap separe bay moun ki pwòch pouvwa a ak konpayi entènasyonal nan kondisyon ki pa klè ditou.

Dapre RHAJAC, revelasyon Fondasyon Je Klere (FJKL) rann piblik nan dat 5 mas 2026 la vin konfime tout sispèk yo. Rapò sa a pale de kontra ki koute plizyè milya dola kote Leta ayisyen ta bay konpayi etranje dwa pou jere domèn estratejik tankou:

Sekirite nasyonal ak prizon yo;
Ladwann ak kontwòl fwontyè yo.
Pou rezo a, se yon prèv klè Alix Didier Fils-Aimé pa gen kapasite ni kredibilite pou li rezoud pwoblèm ensekirite a ni pou li òganize eleksyon nan peyi a.

RHAJAC pa te manke raple tou yon dosye ki soti depi lane 2015. Yo fè konnen nan epòk sa a, Alix Didier Fils-Aimé te ap kouri pou pòs Senatè nan Lwès anba banyè platfòm Vérité. Li te bò kote Jacky Lumarque, yon kandida yo te mete deyò nan kous prezidansyèl la paske li pa te gen dechaj.

Jounalis yo pale de yon sispèk « konfli enterè » grav kote Jacky Lumarque te jwenn twa (3) sibvansyon 50 milyon goud chak, sa ki fè yon total 150 milyon goud (plis pase yon milyon dola ameriken vè vè).

Pou RHAJAC, li pa janm twò bonè pou di « non » pou evite peyi a tonbe nan pi gwo twou. Yo estime depa Premye Minis la ap pèmèt Enstitisyon tankou Inite pou Lite Kont Koripsyon (ULCC) fè yon bon jan ankèt endepandan sou tout kontra sa yo ak moun ki siyen yo.

« Depa Alix Didier Fils-Aimé se sèl wout ki ka louvri pòt pou verite a blayi sou jan yo ap gaspiye lajan Leta a pandan jèn yo ap kwoupe nan chomaj, » se sa nou ka li nan nòt la.

 

About Emmanuel Hubert

Check Also

Protection de l’enfance : l’Indonésie bannit les moins de 16 ans des réseaux sociaux

Dans un tournant législatif historique, le gouvernement indonésien a officialisé ce vendredi 6 mars 2026 …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager