​Ayiti/Meteyo: Alèt jòn dekrete nan Nò peyi Dayiti.

 Sistèm Nasyonal Jesyon Risk ak Dezas (SNGRD) ansanm ak Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil (DGPC) dekrete yon alèt jòn pou rejyon Nò peyi Dayiti. Desizyon sa a vini apre yon fwon fwa ki soti nan peyi Kiba kòmanse tabli kò li, sa ki ka lakòz gwo lapli ak loray sou depatman Nò, Nòdès ak Nòdwès nan finisman jounen an.

​Dapre otorite meteyowolojik yo, move tan sa a pote risk gwo inondasyon, deboulonnman tè ak gwo vag nan lanmè a. Devan sitiyasyon sa a, Pwoteksyon Sivil mande popilasyon an, sitou sila yo ki rete nan zòn ki pi frajil yo, pou yo pa pran chans epi suiv konsiy sekirite yo pwen pa pwen.

Pou evite dega ak malè pandye, men rekòmandasyon otorite yo mande tout moun swiv:

  • Rete branche sou enfòmasyon: Toujou koute radyo, gade televizyon oswa suiv paj ofisyèl yo sou entènèt pou w jwenn bon jan bilten meteyo. Pa bay rime (zen) chans pou yo gaye panik.
  • Pwoteje dokiman enpòtan: Mete tout papye enpòtan (batistè, tit pwopriyete, paspò, elatriye) nan anvlòp plastik oswa yon kote ki sèk pou dlo pa gate yo.
  • Prepare nesesite debaz: Fè pwovizyon manje ki pa ka gate, dlo pou bwè ak dlo trete, pil, flach ak medikaman pou ka pase plizyè jou si w pa ka soti lakay ou.
  • Limite deplasman: Evite deplase ale nan mòn oswa pwoche bò larivyè si se pa yon nesesite ijan.

​Leta mande chak sitwayen pou yo rete vijilan epi veye sou moun ki pi fèb nan kominote yo pandan pasaj fwon fwa sa a k ap travèse rejyon an.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/PNH: Chanjman nan tèt DDO-1 an pwovoke kòlè ak gwo dout sou gouvènman an ak direksyon jeneral polis la nan Pòtoprens

Sitiyasyon an vin pi cho nan kapital la apre desizyon Direksyon Jeneral Polis Nasyonal peyi …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager