Si pou kèk anplwaye ONA enstitisyon an ap byen mache apre aterisaj yon pitit bwat la nan tèt li pou yon seri lòt anplwaye, se gwo fristasyon.
Yon fristasyon ki nan wout pou eklate e ki kapab kreye gwo konfli nan mitan anplwaye yo. Nan mitan jounen vandredi 18 jiyè 2025 lan, se bon pye prezidan katèl « Lumière » a, Adler Kensy ADRIEN ki sove li pandan pasaj li nan direksyon jeneral enstitisyon an, kote yon anplwaye agrese li fizikman. Anplwaye sa ki fristre akize Adler Kensy kòm moun ki te ap pwone pitit Ona pou dirije Ona.
Selon enfo yo sa rive akoz anplwaye a fè yon demand prè sou salè depi yon mwa li poko ka jwenn chèk li e li pa gen kontwòl dosye a, se ka pou anpil anplwaye nan moman nou ap pale la ki an difikilte selon sa yo fè nou konnen.
Adler Kensy ADRIEN bò kote pa li apre atak la, mande direktè jeneral la, Ronald Bazil pou pran tout dispozisyon pou evite yon gwo eklatman nan ONA.
Echojounal echojounal.net