Ayiti/PNH: ​Lapolis jwenn blende cheni M113, Yon ranfò ki rive anreta pou popilasyon an?

Nan lide pou ranfòse operasyon kont gang ame ki ap simen latwoublay nan peyi a, Lapolis Nasyonal la fenk resevwa yon nouvo tonton ekipman: blende transpò de twoup modèl M113. Si bò kote otorite yo se yon fyète, nan mitan popilasyon an, kesyon yo anpil sou rezon ki fè se kounye a chwa sa a fèt.

‎​
‎​M113 yo pa tankou ansyen blende Lapolis te konn itilize yo. Diferans lan se nan cheni yo genyen nan plas wou. Sa ba yo yon gwo avantaj:
‎​Yo ka pase kote machin nòmal ap bloke (barikad, vye tè, debri).
‎​Yo pwoteje kò moun ki ladan yo kont bal zam fannfwa.
‎​Yo ka transpòte plis ajan an menm tan pou al mennen atak anndan fwaye gang yo.

‎​Poukisa « prese prese » sa a kounye a?
‎​Si nouvo materyèl sa yo se yon bon nouvèl pou sekirite a, yo leve yon vwal sou yon verite ki rèd pou vale. Pandan plizyè mwa, menm plizyè ane, katye tankou Kafou-Fey, Solino, ak Plenn lan te ap rele anmwe anba bal. Dè milye moun te oblije kouri kite kay yo ak rad sou po yo, san okenn pwoteksyon Lapolis, paske yo te di « pa gen mwayen ».

‎​Jounen jodi a, anpil obsèvatè ap mande tèt yo: Poukisa se kounye a Lapolis ap blende tèt li konsa? * Èske se paske presyon an rive nan nivo kote Leta santi tèt li an danje?

‎​Kote mwayen sa yo te ye lè popilasyon an te ap mache sou san pou li sove lavi li?

‎​
‎​Dèyè gwo bri motè M113 sa yo, gen yon lòt reyalite: antretyen. Se machin ki mande anpil swen ak pyès detache. Si se pa sa, yo ap tounen « fè m taye » nan mitan lari a tankou sa nou te wè nan tan pase yo.

‎​Popilasyon an ap gade, li ap tann. Pou moun ki pèdi kay yo deja, blende sa yo rive tankou yon medikaman apre lanmò. Men pou sa ki ap reziste toujou yo, se espwa pou yon souf anba presyon gang yo, depi yo itilize yo tout bon vre pou sa yo fèt la.

About Echojounal

Check Also

Haïti/Transition: Vers un nouvel exécutif bicéphale avec un Président issu de la Cour de Cassation

Dans une note publique publiée ce mercredi 4 février 2026, la Commission de facilitation des …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager