AYITI/PWOTESTASYON: GWO BOUCH LOUVRI ANN TI MACHANN KAFOU AWOPÒ YO AK LAPOLIS

Ti machann yo ki kouri kite anba lavil la pou bandi e moute Kafou Awopò pou vin chache lavi nan gwo bouch louvri ak lapolis.

Ti machann yo, chofè moto yo, chofè kamyonèt yo denonse lapolis ki ap mande yo deplase ak fòs, selon anpil nan ti machann yo lapolis kraze tab yo, choute machandiz yo, bat yo e menm tire sou yo pandan plizyè fwa pou repete pawòl ti machann yo.

Yon lòt bò kèk lòt moun nan zòn nan fè konnen lapolis ta mande moun yo kite Kafou a se pou yo kapab fè fas kare ak bandi yo, selon enfo yo bandi yo konn antre nan mitan machann yo pou komèt zak yo, lè konsa nan twoke kout bal inosan toujou viktim.

Otorite nan lapolis yo poko reyaji sou kriz sa ki genyen nan Kafou Awopò ant ti machann yo, chofè moto yo, chofè kamyonèt yo ak lapolis.

Echojounal pou sèvi ou!

About Echojounal

Check Also

Haïti/Intempérie: Cinq départements de la république D’Haïti en virgilance rouge

L’Unité Hydro Météorologique d’Haïti (UHM) de concert avec la Direction Générale de la Protection Civile …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager