Nan yon nòt ofisyèl ki tonbe tankou yon kout mas nan do kilti ayisyen an, otorite minisipal yo nan vil Lewogàn anonse yo entèdi tout aktivite Rara pou sezon 2026 la. Desizyon sa a pran aprè yon analiz byen fon sou sitiyasyon sekirite peyi a ki ap deteryore chak jou pi plis.
Se pa otorite Lameri yo sèlman ki siyen nòt sa a. Yo jwenn sipò de (2) gwo poto mitan ki jere koze Rara nan zòn nan: Inyon Rara Lewogàn(URAL) ak Asosyasyon Dirijan Bann Rara Lewogàn (ADBRAL). Se yon desizyon kolektif ki montre gravite moman nou ap viv la.
Dapre detay ki nan nòt la, otorite yo mete aksan sou nesesite pou pwoteje lavi sitwayen yo ak vizitè yo. Lewogàn ki se kapital Rara nan peyi a, konn resevwa plizyè milye moun chak ane. Nan kondisyon sekirite aktyèl la, li ta prèske enposib pou garanti sekirite foul moun sa yo nan lari a pandan lannwit kou lajounen.
Desizyon sa a pa san konsekans. Pou vil Lewogàn, Rara a se:
- Yon motè ekonomik: Restoran, otèl, ti machann, ak atizan yo pral pèdi yon gwo mannkagany.
- Yon patrimwan: Se premye fwa nan listwa resan vil la kote yon desizyon konsa pran ak tout konsansis sa a, sa ki montre jan sitiyasyon an kritik.
Byenke anpil moun konprann desizyon an pou evite dega, gen yon gwo tristès ki ap plane sou vil la. Pou anpil « rara », sezon sa a se te moman pou yo chase strès ak revandike kilti yo. Men pou ane 2026 la, tanbou yo ap rete bèbè epi kolonèl yo pap kapab soufle siflèt yo nan lari « Site Anakaona » a.
Lameri mande popilasyon an pou yo respekte konsiy sa yo pou evite nenpòt konfontasyon ak fòs lòd yo, pandan yo espere jou miyò pou kilti peyi a ka reprann souf li.
Echojounal echojounal.net