Ayiti/Remaniement : Men moun ki ta dwe konpoze nouvo ekip gouvènmantal la

Apre li fin depoze valiz li sot nan 50yèm reyinyon CARICOM nan, Premye Minis la antre nan yon kous kont la mont pou li finalize lis nouvo minis li yo. Selon enfòmasyon ki rive nan men nou, gouvènman « monosefal » sa a ta dwe ofisyèl ant vandredi sa a ak lendi ki ap vini la a.

​Plizyè ministè kle ap tann nouvo chèf yo, kote chwa yo ap diskite ant kèk non byen konnen:

  • Edikasyon Nasyonal : Chwa a ap balanse ant Vijonet Déméro ak Osny Jean-Marie.
  • Afè Etranjè : Se madanm Raina Fobin ki ta nan tèt lis la pou li pran diplomasi a.
  • Agrikilti : Agronòm Gérard Neuvième se non ki ap sikile pou li vin jere sektè sa a.
  • Planifikasyon : Gen yon match sere ant Uder Antoine ak Sandra Paulémon.
  • Kilti ak Kominikasyon : De ansyen non, Caleb Desrameau ak Emmanuel Ménard, nan kous pou pòs la.
  • Afè Sosyal : Pòs sa a ta ka ale swa pou Patrick Sévère, swa pou Marc Élie Nelson.

​Pandan tan sa a, pati politik yo ap chèche pozisyon yo. PHTK ta sanble pran Ministè Spò, menm si pati ASE ta prefere pòs sa a pase Ministè Touris yo te ba li a. Yon ti rale-mennen-vini ant alye yo ki ka lakòz dènye chanjman anvan piblikasyon an.

​Pandan chanjman sa yo ap fèt, gen plizyè minis ki ta ka rete nan plas yo pou asire kontinwite a. Se ka minis Enteryè, Lajistis, Sante Piblik (MSPP), Travay Piblik (MTPTC), MHAVE, ak Kondisyon Fanm.

​Pèp la ap tann pou li wè si lis sa a ap konfime nan jounal ofisyèl Le Moniteur nan kèk èdtan ki ap vini yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Kontra 542 milyon dola ak konpayi Erik Prince la: Yon kout kouto nan do lalwa ak transparans nan peyi Dayiti?

Pandan peyi a ap debat anba yon kriz sekirite san parèy, yon gwo dosye lajan …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager