AYITI/REYAKSTON: DIREKTÈ « BUREAU DES MINES ET DE L’ENERGIE » A REYAJI SOU AKIZASYON ANPLWAYE YO.

Direktè jeneral « Bureau des mines et de l’energie » an, Claude PREPTTI reyaji sou akizasyon plizyè anplwaye te fè kont li kòm kwa li ta pran lajan lekòl yo (katòzyèm) pou òganize fèt enstitisyon an.

Selon direktè a pa gen bagay konsa, anplwaye yo poko touche se paske finans poko debloke lajan pewòl la ni katòzyèm nan ke anplwaye yo ap tann nan e li menm tou li ap tann.

Sou kesyon fèt la, direktè a konfime se vre enstitisyon an pral fete men, yo pat janm anonse ke yo ap pran kòb anplwaye yo pou fè fèt, li sezi tande yon koze konsa, direktè Claude PREPTTI fè tout moun konnen sa ki ap pale yo pa verite.

About Echojounal

Check Also

Haïti/Intempérie: Cinq départements de la république D’Haïti en virgilance rouge

L’Unité Hydro Météorologique d’Haïti (UHM) de concert avec la Direction Générale de la Protection Civile …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager