Ayiti/ Reyaksyon: Reyaksyon konseye prezidansyèl tranzisyon an, Fritz Alphonse Jean apre desizyon peyi Etazini pou koupe viza li.

‎Prezidan konsèy prezidansyèl tranzisyon an, Fritz Alphonse Jean reyaji nan yon pwen pou laprès  apre peyi Etazini pran desizyon pou koupe viza li e akize li kòm moun ki nan tete lang ak bandi yo.

‎Nan Reyaksyon Fritz Alphonse Jean li fè konnen konsèy lan pa satisfè de travay premye Alix Didier Fils-Aimé malgre tout efò yo fè bò kote pa yo debloke lajan, sityasyon ensekirite a pa chanje, popilasyon an toujou nan lari, bandi yo bò kote pa yo toujou ap feraye.

‎Selon konseye an misyon pa yo se mete sekirite nan peyi a, pèmèt tout moun retounen lakay yo e fè eleksyon pou mete peyi a sou yon lòt ray. Konseye a voye jete byen lwen desizyon otorite ameriken yo pran kote yo koupe viza li e akize li nan move zafè ak bandi.

About Echojounal

Check Also

Pérou :Un glissement de terrain dans un port fluvial fait 12 morts

L’éboulement est survenu lundi à l’aube dans le port d’Iparia, dans la région amazonienne d’Ucayali, …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager