Direksyon depatmantal lwès ( DDO) la anonse ayè lendi 13 out 2018 la ke (3000) twa mil polisye pral mobilize nan finisman vakans la nan kad yon operasyon ki pote non » Boukle lari a »
Plizyè wo grade nan lapolis la ap akonpanye ajan ki pral sou tèren yo daprè nouvo pòtpawòl PNH la , Mickerlange Louis Jeune.
Chèf kabinè Direksyon depatmantal lwès la, Jean Ismagne Auguste esplike << DDO ap dekoupe zòn metwopolitèn pòtoprens la pandan operasyon sa kap dire tout rès peryòd vakans la>>.
Operasyon sila fèt nan lide pou make prezans lapolis sou tèren an , rapwoche polisye yo ak popilasyon an épi pèmèt sitwayen yo fè aktivite san kè sote , toujou daprè esplikasyon Jean Ismagne Auguste.
Kervens Louis
Kervenslouis459@gmail.com
+509 44120020
Kredi foto: Ticket M