Ayiti/Tansyon/Zen : Samuel Joasil kont lòd Premye Minis defakto a, PNH ta konvoke chèf brigad la.

Nan yon moman kote sitiyasyon sekirite a ap degrengole nan peyi a, yon gwo kriz pete ant pouvwa egzekitif la ak estrikti sekirite nan katye Canapé-Vert. Samuel Joasil, ajan USGPN ki alatèt Brigad Canapé-Vert, leve vwa li kont yon desizyon Premye defakto a minis Alix Didier Fils-Aimé li deklare ki « san sans ».

‎​Dapre enfòmasyon ki rive nan sal redaksyon nou an, sitiyasyon an vin pi konplike toujou apre Direksyon Jeneral Lapolis Nasyonal la (DGPNH) ta konvoke Samuel Joasil pou li ta vin bay esplikasyon sou pozisyon li yo. Konvokasyon sa a simen yon gwo panik ak tèt chaje nan mitan popilasyon Canapé-Vert, Debussy ak Turgeau, kote moun pè pou yon vid sekirite pa louvri pòt bay gang « Izo 5 segonn » yo pou yo anvayi zòn nan.

‎​
‎​Konfli a pati apre Premye Minis defakto a, Fils-Aimé, antanke sèl chèf pouvwa egzekitif la, te pase lòd pou tout manm brigad yo remèt zam ki nan men yo. Pou Samuel Joasil, desizyon sa a se yon « kado » yo ap fè teworis yo. Li deklare : « Sa pa gen okenn sans. Se tankou nou ta deside redonnen teworis yo pouvwa si pa gen mezi konkrè ki pran pou kraze kriminèl yo anvan. »

‎​Li enpòtan pou nou sonje, sèlman yè ki te 7 fevriye 2026, pandan gouvènman an te ap konsantre sou pasasyon pouvwa, brigad Canapé-Vert a te rive poze lapat sou yon manm gang « Village de Dieu ». Teworis sa a ta avwe gen plizyè lòt konplis li ki deja nan zòn Debussy ak Turgeau ki ap tann siyal pou yo atake.

‎​
‎​Nouvèl sou konvokasyon chèf brigad la ak posiblite pou yo ap dezarme moun ki ap pwoteje zòn nan lage yon gwo kouri nan katye yo. Anpil moun nan popilasyon an mande kisa ki pral rive si brigad yo pa la ankò pou fè baryè ak gang yo.

‎​Samuel Joasil voye yon mesaj bay tout brigadye yo nan Pétion-Ville ak lòt zòn : « Se nou ki pou pwoteje tèt nou. » Li presize yo pa gen pwoblèm ak lajistis ni ak lapolis, men yo pap aksepte yon dezasemman ki pral lage popilasyon an san defans nan men gang ki deja sènen katye yo.

‎​
‎​Dossier sa a mete gouvènman Fils-Aimé a anfas yon gwo defi : kouman pou li retabli otorite Leta san li pa dekouraje popilasyon an ki òganize li pou li siviv. Pou kounye a, je tout moun fikse sou Direksyon Jeneral Lapolis la pou konnen ki suite yo ap bay konvokasyon sa a epi si wi ou non gouvènman an ap tounen sou desizyon li an.

About Echojounal

Check Also

Ayiti/Premye mesaj bay Nasyon an: Alix Didier Fils-Aimé deklare lagè ak gang yo epi mande yon « sursaut collectif »

Nan yon diskou ki te gen anpil fèmte nan lannwit samdi 7 fevriye 2026 la, …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager