AYITI/ TRANBLEMAN TÈ: YON LÒT SEKOUS FRAPE PÒT NOU BYEN BONÈ MATEN AN.

Tè a pa sispann souke aprè gwo sakad li te bay samdi 14 dawout 2021 an, ki fè anpil gwo dega nan depatman Nip, Sid, Grandans ak Nòdwès.

 » ho ho, mezanmi vwazin ou pa tande tè a re souke ankò wi », deklarasyon plizyè sitwayen ki santi sekous tranbleman tè ki pase maten vandredi 20 dawout 2021 an, nan lè inè 42 yo (1h 42 am), daprè deklarasyon kèk nan moun ki pè goudou goudou a.

N ap raple, direktè jeneral biwo min ak enèji a enjenyè jewològ Claude Prepti, ki fè konnen tè a gen pou bay plizyè repiblik sekous sèlman popilasyon an ki dwe fè anpil pridans pou yo pa viktim nan sekous li ap bay yo.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …