Inite de Lit Kont Koripsyon (ULCC) deside pa jwe ak kesyon transparans lan fwa sa a. Pandan anpil moun te panse ankèt la te ap rete sèlman nan tcheke sa ansyen manm Konsèy Prezidan Tranzisyon (CPT) yo posede, enstitisyon an anonse li pral fouye pi fon nan fason resous Leta yo te jere pandan pasaj yo nan pouvwa a.
Dapre sous ki pwòch enstitisyon an, ULCC pa vle kontante li ak papye « deklarasyon patrimòn » kote yon otorite di sa li genyen. Direksyon an vle konnen:
Kote kòb la pase? Eske lajan piblik ki te nan men konseye sa yo te depanse pou sa yo te dwe fè toutbon?
Kontra sispèk: Eske gen kontra ki te siyen anba anba san respekte lalwa sou pasasyon mache piblik?
Pouvwa ak enfliyans: Eske te gen abi pouvwa pou favorize zanmi oswa fanmi nan administrasyon an?
Depi apre eskandal ki te souke Konsèy la sa pa gen twò lontan, presyon an moute sou do ULCC pou li montre li se yon chyen ki ka mòde, pa yon chyen ki ap jape sèlman. Pou anpil obsèvatè, desizyon pou fouye nan « jesyon resous » yo se yon mesaj klè bay tout moun ki ap dirije:
Ki sa ki ap tann ansyen konseye yo?
Si ankèt sa a jwenn prèv kote resous Leta te mal jere, ULCC ka transfere dosye yo bay lajistis pou pouswit penal. Sa ka lakòz ansyen otorite sa yo pèdi dwa politik yo oswa menm tonbe anba sanksyon pi rèd.
Pèp ayisyen an, ki bouke ak koripsyon ki ap fin vòlò espwa peyi a, ap tann pou li wè si fwa sa a, « Leta ap sèvi Leta » vre oswa si se pral yon lòt dosye ki ap dòmi nan tiwa.
ULCC raple tout ansyen fonksyonè yo gen obligasyon legal pou yo remèt rapò konplè sou jesyon yo, sinon lalwa ap mache sou yo.
Echojounal echojounal.net