AYITI / ZEN/ ESPÒ :YOUN NAN JWÈ EKIP AKAYÈ A KITE EKIP LA LÈ LI RIVE NAN PEYI MEKSIK.

Wilmane Exumé se non jwè ekip Akayè football club la, kite vwaye ak ekip la pou ale jwe match retou 8 tyèm definal (1/8) lig dè chanpyon konnkakaf (Concacaf) kont ekip Meksik « Cruz Azul  » la, ki deside kite  nan gwoup jwè yo lè li rive nan peyi Meksik.

Nan mesaj jwè a voye bay responsab football club la di li remèsye prezidan ekip la ki se Leonard Toupuissant alyas  » Izolan » epi swete kòlèg koyekipyel yo siksè nan match la ki ap jwe aswè a nan 10h.

Wilmane Exumé presize se akoz move kondisyon lavi ak sitiyasyon peyi a ki fè li sove, yo pa bezwen pèdi tan chache li.

N ap presize, selon enfòmasyon ki disponib sou fich teknik Wilmane Exumé, li jwe pòs milye tèren . N ap raple nan match ale a ekip Akayè a te fè match nil zewo a zewo kont ekip Meksik Cruz Azul.

Dieuva Occidor .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …