Ayiti/Zen: Yon elèv nan Jeremi anba kòd pou vann bòz.

Lapolis nan komin Jeremi mete anba kòd yon elèv ki  pran plezi vann bòz nan yon lekòl.

‎Selon enfo lapolis bay sou arestasyon elèv sila ke yo poko bay non li, elèv lan mete bòz la nan « Pop corn » pou li kapab antre nan lekòl la ak yo e al vann yo nan sal klas yo, toujou daprè detay responsab lapolis yo, yo te gen vin gen kontwòl sa apre plizyè elèv ki fin manje « Pop Corn » nan te gen plizyè sentòm tankou sou, vomisman, tèt fè mal, mache de bò pou site sa yo, rezon sa yo te pouse responsab nan lekòl yo kolabore ak lapolis pou te kapab arete elèv la.

Nan moman nou ap pale la elèv sa ke yo pa bay twòp detay sou li ap reponn kesyon lajistis nan komin Jeremi.

About Echojounal

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager