Apre gwo atak bandi yo fin fè sou popilasyon Mibalè a kote, yo kraze prizon, atake komisarya, boule kay ti malere malerèz, boule biznis nan zòn nan e touye anpil moun nan popilasyon an, yo poze kondisyon pou yo pa fin boule sa ki poko boule yo ak touye moun …
Read More »Ayiti/Ensekirite: Gwo laperèz nan mitan ofisye fòs miltinasyonal la nan lakou peyi Dayiti.
Ofisye ki nan fòs miltinasyonal yo ki gen pou sig MMSS pa deside moute kèk nan cha yo pou ale nan operasyon kont bandi yo ki ap vale teren nan peyi a e yo pa vle fè pye sòl. Desizyon sa vini apre de (2) nan ofisye kenyan yo te …
Read More »Ayiti/Manifestasyon: Popilasyon an pran lari nan Pòtoprens, lapolis fè li jan blan an mande a.
Plizyè milye moun pran lari jounen mèkredi 2 avril 2025 lan pou mande manm « Konsèy Prezidansyèl chak moun fè ti kout yo » ak premye minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé pou met sekirite nan peyi a oubyen pou yo kite pouvwa a. Yon manifestasyon lapolis pa te pran tan pou …
Read More »Ayiti/Ensekirite: Gouvènman defakto a nan wout pou fè viktwa sou pèp Mibalè a.
Gouvènman defakto a nan tèt kole ak konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout la nan wout pou fè gwo viktwa sou popilasyon an Mibalè a apre gwoup bandi « Viv Ansanm » yo atake byen bonè maten lendi 31 mas 2025 lan komin nan. Malgre bandi yo te anonse sa, otorite …
Read More »Ayiti/Disparisyon: Detay sou disparisyon anplwaye Ona a, Fabrice Cadet.
Jan enfo a ap kouri sou tout rezo yo, anplwaye Ona, Fabrice Cadet kite lakay li Karade depi samdi 15 fevriye 2025 lan nan lè 4:00 apre midi, depi lè sa li pa janm rantre. Apre 3 jou rechèch fanmi an ak kèk pwòch li, yo retwouve machin li nan …
Read More »Ayiti/Ensekirite: « Viv Ansanm » reyaji sou dife ki mete nan lopital jeneral la, sa ki pouse anpil kesyon rete san repons.
« Viv Ansanm » reyaji sou dife ki mete nan apre midi jedi 13 fevriye 2025 lan nan lopital jeneral la, apre reyaksyon an anpil gwo kesyon ap poze. Nan reyaksyon sa, mesye « Viv Ansanm » yo pa vini ak videyo pou moutre kote yo ap fè aksyon an jan yo te fè …
Read More »Ayiti/Ensekirite: Yon jounen bal mawon nan lakou peyi Dayiti.
Peyi a konnen yon madi bal mawon pandan jounen 11 fevriye 2025 lan nan lakou peyi Dayiti. Nan lekòl « Saint Louis de Gonzague » ki chita kò li nan komin Delma yon elèv resevwa yon bal nan men pandan li ta pral pipi selon enfo ki rive jwenn nou, yon blese …
Read More »Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.
Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump ak plizyè lòt gwo chabrak nan gouvènman li an tankou: @MelaniaTrump, @MarcoRubio, @ElonMusk, @TuckerCarlson, @JoeRogan. Premye dàm nan frape pòt moun sa yo pou li mande yo pou ede li jwenn jistis pou mari li …
Read More »Lemond/Migran: Plis pase 400 mil migran ladan yo 17 mil ayisyen livre tèt yo nan yon « Jungle » pou ane 2024 la.
Yon biwo ki ap defann dwa moun nan peyi Panama mete deyò nan dat 7 fevriye 2025 lan yon rapò sou kantite milgran ki riske vi yo pandan ane 2024 la nan travèse youn nan pi gwo « Jungle » ki gen nan mond lan « jungle de Darién » pou al chache lavi …
Read More »Ayiti/Kanaval: 536 milyon goud pou òganize kanaval pandan pèp la ap dòmi nan lari.
Komite ki pral òganize kanaval nan lakou peyi Dayiti pou ane 2025 lan nan « Fort Liberté » bay gouvènman defakto yon bidjè 536 milyon goud ki vo 4 milyon dola vèt. Yon lajan ke gouvènman defakto a ta deja apwouve e ap pare pou debloke. Sa ki fè anpil moun ap …
Read More »
Echojounal echojounal.net