Nan yon moman kote tansyon te ap monte nan biwo direksyon jeneral ak nan plizyè filyal Ofis Nasyonal Asirans Vyeyès (ONA), Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé fè yon mouvman ki sanble ak yon « echèk ak mat » politik. Pa mwayen yon arete ki rann piblik jounen lendi 23 mas 2026 la, Lovely François nonmen kòm nouvo Direktè Jeneral enstitisyon an, pandan D’Jhonson Absolu ap kenbe pòs Direktè Jeneral Adjwen li.
Yon Repons ak Revandikasyon Anplwaye yo
Touswit apre nominasyon Lovely Francois, anplwaye ONA yo pa te kache kòlè yo. Yo te ap mande avèk fòs pou se yon moun ki soti nan « zantray » enstitisyon an, yon kad ki konnen reyalite ak pwoblèm kay la, ki pou vin kore nouvo direksyon an.
Desizyon PM Fils-Aimé pou li kenbe D’Jhonson Absolu kòm adjwen parèt tankou yon remèd pou kalme tansyon sa yo. Absolu, ki deja konnen tout kwen nan administrasyon an, wè li kòm « pon » ki nesesè pou pèmèt Lovely François mennen bak ONA san twòp sakad.
Yon « Kou Estratejik » pou yon Lòt Figi
Dapre plizyè obsèvatè politik, chwa sa a se pa yon konyensidans, men se yon kou estratejik Premye Minis la. Lè li makònen yon nouvo souf (Lovely François) ak yon ansyen kad (D’Jhonson Absolu), Chèf Gouvènman an ap chèche de (2) objektif prensipal:
* Estabilite Sosyal: Kraze tout mouvman ak manifestasyon anplwaye yo ki vle paralize sèvis yo.
* Efikasite Administratif: Bay Lovely François tout zouti ak sipò teknik li bezwen pou li ka « bay enstitisyon an yon lòt figi, » jan anplwaye yo ap reklame sa.
ONA, ki se poto mitan sistèm sekirite sosyal nan peyi a, ap fè fas ak anpil defi finansye ak administratif. Misyon nouvo duo sa a klè: retabli konfyans asire yo, modènize sèvis yo, epi asire yon jesyon transparan.
Pou kounye a, nan koridò ONA, gen yon ti souf soulajman ki kòmanse parèt. Tout je rete fikse sou Lovely François pou wè ki premye desizyon li pral pran pou montre vrèman « yon lòt figi » li vle bay enstitisyon an.
Echojounal echojounal.net