Espò/Eliminatwa: Monte nan dezyèm mitan, Duckens Nazon chanje done yo.

Gras ak Duckens Nazon seleksyon nasyonal foutbòl la bò kote mesye yo konnen yon match nil nan kad dezyèm soti yo nan match eliminatwa koup dimond 2026 la, pou zòn konkakaf la.

Depi nan premye minit la match la, Vargas ta pral make e pèmèt ekip Kosta rika a mennen (1-0), Martínez nan 35kyèm minit ta pral make yon dezyèm gòl (2-0) pou ekip li, mitan an ta pral fini nan avantaj Kosta rika.

Duckens Nazon ki te moute nan dezyèm mitan match la nan plas Carl Fred Sainté (46′) ta pral chanje done yo, li ta pral redui eskò a nan 55kyèm minit (2-1), nan 58tyèm minit li ta pral egalize sou yon pas Danley Jean Jacques te ba li (2-2), nan 86zyèm minit li ta pral bal Ayiti avantaj eskò a apre li te fin resevwa yon bèl pas nan men D. Lacroix (2-3).

Juan Pablo Vargas ta pral egalize pou ekip Kosta rika apre 90 minit jwèt la e sove match nil la (3-3) devan ekip ayisyèn nan. Apre match nil sa ekip ayisyèn twouve li nan twazyèm plas la nan gwoup C a a 2 pwen.

Klasman Gwoup C.
1- Ondiras 4 pwen
2-Kosta rika 2
3-Ayiti 2
4- Nikaragwa 1

Rezilta dezyèm jounen an.
Kosta rika- Ayiti (3-3)
Ondiras-Nikaragwa (2-0)

About Echojounal

Check Also

Sport/Premier League: Chelsea, Liverpool, Manchester City coulent pour la neviéme journée de premier league.

Chelsea tombe pour la neviéme journée de premier league face à Sunderland (1-2) à Stamford …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager