Chanpyona Espay la pou sezon 2025-2026 la demare e deja gen plenyen apre yon gòl ke Ferran Torres te make pou ekip FC Barcelone nan kont ekip Majorque a pandan yon defansè ekip Majorque te atè.
Plizyè medya nan peyi Espay kritike aksyon an e denonse abit la ki pat pote atansyon ak defansè a, yon match FC Barcelone genyen (3-0), moun ki te make yo se Raphael 7′,F.Torres 23′,Lamine Yamal 90+4.
Yon lòt bò fanatik Atletico Madrid yo kritike Diego Simeone sou defèt ekip la devan Espanyol Barcelone nan pou premye soti yo pou sezon an pandan, se yo ki te ouvri eskò a depi nan 37tyèm minit pa Alvarez, Ekip Espanyol ta pral make de (2) gòl (Miguel Rubio 73, P. Milla 84) e genyen match (2-1).
Pou klotire premye jounen Liga a, ekip Real Madrid la ap gen pou twoke kòn li ak ekip Osasouna a 3zè lè peyi Dayiti.
Rezilta premye jounen an konplè:
Girona-Rayo (1-3)
Villareal-Real Oviedo (2-0)
Marjorque-FC.Barcelone (0-3)
Deportivo Alaves-Levante (2-1)
Valence-Real Sociedad (1-1)
Celta vigo-Getafe (0-2)
A.Bilbao-Seville (3-2)
Espanyol-Atletico Madrid (2-1)
Elche-Betis (1-1).
Real Madrid-Osasuna (—).
Pou premye jounen gen 3 katon wouj ki bay, match Real Madrid Osasouna a poko konte.