Pandan presyon ap moute sou do FIFA depi kòmansman ane 2026 la, prezidan federasyon entènasyonal la, Gianni Infantino, kanpe djanm kont moun ki ap mande pou peyi yo pa patisipe nan gwo randevou foutbòl la. Li pwofite okazyon an tou pou li jistifye « Pri Lapè » li te bay prezidan ameriken an.
Nan moman preparasyon pou Mondyal 2026 la (ki ap fèt soti 11 jen pou rive 19 jiyè Ozetazini, Kanada ak Meksik) ap antre nan dènye liy dwat li, gwo kirel ap pete nan tèt foutbòl mondyal la.
Depi mwa janvye a, plizyè vwa leve nan peyi an Ewòp yo ak nan kèk òganizasyon entènasyonal pou mande yon bòykòt kont konpetisyon an. Rezon yo varye: gen moun ki pa dakò ak politik migrasyon ak komèsyal gouvènman Donald Trump la, epi gen lòt ki fache dèske FIFA ap chèche remete Larisi nan jwèt la.
Pou Gianni Infantino, chèf nivo siperyè FIFA a, diskisyon sa yo se tan pèdi. Nan yon entèvyou li bay medya entènasyonal yo, lidè italo-suis la deklare byen klè: «Bòykòt pa janm pote anyen ki pozitif.» Dapre li, foutbòl la la pou ini moun, pa pou divize yo. Li kritike sa li rele « ipokrizi » kèk moun ki ap kontinye fè biznis ak gwo pwisans yo men ki vle sèvi ak espò a pou fè politik.
Sa ki plis chofe san opozan Infantino yo, se desizyon li te pran pou l bay Donald Trump yon « Pri Lapè FIFA ». Pou anpil moun nan monn foutbòl la, tankou ansyen prezidan FIFA a Sepp Blatter, aksyon sa a se yon pwovokasyon.
Men, Infantino pa fè bak. Li defann desizyon li an li deklare:
«Prezidan Trump jwe yon wòl enpòtan nan chèche antant nan plizyè konfli nan monn nan, tankou nan Mwayen Oryan ak nan Afrik. Li merite rekonesans sa a paske li travay pou estabilite.»
Malgre rèl bòykòt yo, Mondyal 2026 la pwomèt pou li se pi gwo evènman nan listwa espò a ak 48 ekip ki ap patisipe. Men, tansyon an rete wo nan lari Ozetazini, kote plizyè gwoup dwa moun ap planifye manifestasyon pandan match yo pou denonse jan yo trete imigran yo ak vyolans lapolis.
FIFA sanble vle kenbe liy li: lajan ak espektak anvan tout bagay. Men, kesyon an rete poze: èske balon an ap ka woule san bri politik la pa gate fèt la?
Echojounal echojounal.net