24èm jounen sa a te pwofite ak ekip Arsenal la. Ekip Mikel Arteta a kraze Leeds United (4-0) pou yo kenbe premye plas premier league la ak 53 pwen. Pandan tan sa a, prensipal konkiran yo, Manchester City ak Aston Villa, fè fo pa ki pèmèt « Gunners » yo pran yon avans 6 pwen nan tèt klasman an.
Youn nan gwo supriz yo se pèfòmans Manchester United ki kontinye ap remonte anba direksyon Michael Carrick. Yo bat Fulham nan yon match ki te gen anpil tansyon (3-2), sa ki pèmèt yo monte nan « Top 4 » la, devan Chelsea ak Liverpool.
⚽ Rezilta Match 24èm Jounen an
| Leeds United vs Arsenal (0 – 4)
| Liverpool vs Newcastle (4 – 1)
| Chelsea vs West Ham (3 – 2)
| Wolves vs Bournemouth (0 – 2)
| Brighton vs Everton (1 – 1)
| Aston Villa vs Brentford (0 – 1)
| Manchester United vs Fulham (3 – 2)
| Nottingham Forest vs Crystal Palace (1-1)
| Tottenham vs Manchester City (2- 2) Sunderland vs Burnley | (Match jwe lendi 2 fevriye)
📊 Klasman Pwovizwa (Top 10)
Apre match dimanch yo, men kijan tèt klasman an prezante:
* 1- Arsenal – 53 pwen
* 2- Manchester City – 47 pwen
* 3- Aston Villa – 46 pwen
* 4- Manchester United – 41 pwen
* 5- Chelsea – 40 pwen
* 6- Liverpool – 39 pwen
* 7- Brentford – 36 pwen
* 8- Fulham – 34 pwen
* 9- Everton – 34 pwen
* 10- Newcastle – 33 pwen
Nan anba tablo a, Wolverhampton rete nan dènye plas la (20èm) ak sèlman 8 pwen, sa ki rann sitiyasyon yo vin pi kritik pou yo pa desann nan dezyèm divizyon.
Echojounal echojounal.net