Etazini/Dèy: Yon lanmò met gwo lajwa nan kè prezidan ameriken an, Donald Trump

Robert Mueller, gwo figi nan jistis ameriken an ki te dirije FBI pandan 12 lane epi ki te mennen ankèt sou kolisyon posib ant Larisi ak kanpay Donald Trump la nan ane 2016, mouri samdi 21 mas 2026 la a 81 lane. Pandan anpil klas politik la ap rann li omaj, Prezidan Donald Trump pa kache satisfaksyon li devan nouvèl sa a.

‎​Yon karyè ki make listwa Ozetazini
‎​Robert Mueller te pran tèt Federal Bureau of Investigation (FBI) sèlman yon semèn anvan atak 11 septanm 2001 yo. Li se moun ki te transfòme ajans lan pou fè li vin yon zouti pwisan nan batay kont teworis mondyal.

‎​Sepandan, se wòl li kòm Pwokirè espesyal ant 2017 ak 2019 ki te plis make dènye ane li yo. Pandan de zan, li te fouye zo nan kalandriye pou konnen si te gen antant sekrè ant ekip Donald Trump ak gouvènman ris la pou enfliyanse eleksyon prezidansyèl yo. Ankèt sa a te debouche sou plizyè kondanasyon pou moun ki te pwòch Prezidan an, menmsi li pa te jwenn prèv fòmèl pou akize Trump de konplo.

‎​Prezidan Donald Trump, ki toujou konsidere ankèt Mueller a tankou yon « lachas pou sòsyè » (witch hunt), pa te pèdi tan pou li reyaji sou rezo sosyal li, Truth Social. Nan yon deklarasyon ki lakòz anpil kòmantè, chèf deta a deklare:
‎​« Robert Mueller mouri jodi a. Mwen kontan li mouri. Li p ap ka fè moun ki inosan mal ankò! »

‎​Pawòl sa yo deklannche yon gwo polimik nan kapital federal la. Pandan sipòtè Trump yo kwè se yon fason pou li defann onè li apre plizyè ane anba presyon jistis la, opozan politik li yo ak ansyen kòlèg Mueller dekri deklarasyon sa a kòm yon mank respè total pou yon veteran lagè (Mueller te resevwa meday « Purple Heart » nan Vyetnam) ak yon moun ki sèvi peyi li ak entegrite.

‎​Robert Mueller kite dèyè li yon eritaj konplèks. Pou anpil moun, li senbolize lalwa ak enstitisyon demokratik yo. Pou lòt moun, sitou nan kan Repibliken an, li rete senbòl yon jistis yo estime ki te vize detwi yon prezidans.

‎​Robert Mueller t ap goumen ak maladi Parkinson depi kèk tan, daprè sa fanmi li fè konnen.

About Emmanuel Hubert

Check Also

‎Lemonn/Gè: Donald Trump anonse Lèzetazini pral kòmanse « retire kò yo » nan lagè kont Iran an

Prezidan ameriken an, Donald Trump, pibliye yon mesaj sou platfòm li an Truth Social jodi …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager