‎​FBI RETIRE VITEL’HOMME SOU LIS LI : ÈSKE BANDI A RANN TÈT LI OSWA SE LAGE YO LAGE PÈP LA NAN MEN LI?

Nan yon nòt ki fè anpil moun sezi, Biwo Federal Envestigasyon (FBI) Ozetazini anonse yo retire non Vitel’homme Innocent, chèf gang « Kraze Barye », sou lis 10 moun yo plis ap chèche nan mond lan. Malgre te gen yon prim 2 milyon dola sou tèt li, ajans ameriken an deklare misye « pa reponn ak kritè ankò » pou li rete sou lis sa a. Yon desizyon ki leve yon gwo kòlè ak anpil keksyon nan mitan popilasyon ayisyen an ki ap soufri anba vyolans li.

‎​
‎​Depi novanm 2023, Vitel’homme te sou lis nwa sa a bò kote pi gwo kriminèl sou planèt la. Jòdi a, FBI rekonèt ke malgre tout efò yo fè ak gwo bri yo fè nan medya, yo pa fouti mete li anba kòd. Men, deklarasyon sa a sonnen tankou yon avè dechèk pou anpil obsèvatè. Ki mesaj sa voye bay gang ki ap teworize peyi a si menm « tonton Sam » pa ka kenbe yon nonm ki pa menm kache?

‎​
‎​Keksyon tout moun ap poze se : Kote Vitel’homme ye ? FBI di yo toujou ap chèche li, men si yon moun pa sou lis « Top 10 » la ankò, èske se paske li vin mwens danjere ? Osinon èske gen yon negosyasyon anba tab ki ap fèt ? Anpil moun ap mande si se pa « rann misye rann tèt li » bay otorite yo an sekrè, oubyen si li pa tounen yon « ajan sekrè » pou sèvis entèlijans yo, sa ki ta esplike poukisa li pa yon priyorite piblik ankò.

‎​Moun Tabarre, Torcelle ak Delmas ki pèdi kay yo, pèdi fanmi yo, epi ki ap dòmi nan lari, pa konprann lojik sa a. Pou yo, Vitel’homme Innocent rete yon senbòl mechanste ki pa janm jwenn pinisyon.
‎​Yon lis ki chanje, men san an ap koule toujou

‎​Pandan FBI ap ranplase Vitel’homme ak yon lòt moun sou lis la (Cindy Rodriguez Singh), reyalite a sou teren an an Ayiti pa chanje. Gang « Kraze Barye » a ap kontinye fè lalwa. Si pou Etazini, Vitel’homme se jis yon dosye administratif ki « pa reponn ak kritè ankò », pou manman ak papa pitit an Ayiti, li se yon move rèv ki pa vle fini.

‎​Antouka, si se rann Vitel’homme rann tèt li, pèp la merite konnen. Si se kite FBI kite li ap mache paske yo bouke chèche li, sa ta vle di jistis entènasyonal la lage ayisyen nan bouch tyoul.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Haïti/Carnaval : Le carnaval endeuillé par la fureur d’un policier enivré

Ce qui devait être le point d’orgue de la troisième journée grasse au Cap-Haïtien a …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager